|
Esponnsò
yo
| |
Plan
Entènasyonal
Radyo Nedèland
Enstiti Panòs |
 |
PLAN
ENTÈNASYONAL |
Istwa Plan Entènasyonal an Ayiti
Se
jounalis John Langdon ki te fonde Plan Entènasyonal
nan lane 1937 pou l te al pote timoun gè sivil espanyòl
te afekte yo sekou. Apre kòmansman dezyèm gè
mondyal la, Plan te ouvè pogram li epi li pran tout
timoun yo te deplase nan pati Ewòp la ki te dechire.
Apre Plan vin santi yo pa pi bezwen l pase sa an Ewòp
la, se konsa li vin lage kò l nan yon seri lòt
kote nan mond lan e li entèvni bò kote timoun
yo ki pral tire pi gwo pwofi a.
Jodi
a Plan se youn nan pi gwo òganizasyon devlopman ak
parenaj pou timoun nan mond lan ki travay pou pote yon bon
amelyorasyon k ap dire pou lontan nan lavi timoun yo ansanm
ak kominote kote y ap viv yo, Plan prezan nan 43 peyi pòv.
Plan
kòmanse travay an Ayiti depi nan lane 1973 apre li
te fin siyen yon kontra ak gouvènman Ayisyen nan epòk
sa a. Plan te kòmanse ak pogram li nan Site solèy,
youn nan pi gwo bidonvil ki gen nan zòn metwopolitèn
Pòtoprens lan. Soti nan lane 1975 pou rive 1976 Plan
gentan ouvè 2 lòt biwo an Ayiti, youn Jakmèl
lòt la Kwadèboukè.
Yon
zòn pogram vin ouvè tou nan depatman Nòdès
la ki kouvri Fòlibète, Twoudinò ak Wanament.
Zòn pogram ki fenk ouvè la a se sou wout Frè,
youn nan bidonvil zòn metwopolitèn Petyonvil.
Gen yon biwo nasyonal ki gen baz li nan Pòtoprens k
ap fonksyone depi nan ane 1996, li ranfòse epi kòdone
travay operasyon devlopman ki poko fin ekzekite yo nan tout
peyi a. Jodi a, Plan Entènasyonal peyi Ayiti a parene
43.000 timoun, fanmi yo ak kominote kote y ap viv la.
Antan
òganizasyon ki parene timoun, Plan Entènasyonal
prezan nan 14 peyi nan amerik la ki fè don, li an Azi
ak Oseyani, kote yon parenn ap viv ki asepte parene yon timoun
afè pa bon ansanm ak kominote kote nan peyi pòv
timoun sa a ap viv la.
Apwòch
pogram Plan Entènasyonal an Ayiti
Menm
jan nan tout peyi Plan ye, li suiv yon apwòch entegre
ki santre sou devlopman timoun, ki bay 5 pwen priyorite: grandi
an sante, edikasyon, kay, ekonomi ek pwomosyon pou chanje
kilti yo. Plan estratejik li pou peyi a chita sou 9 pogram:
ede timoun lite pou yo viv, sante repwodiktiv, yon bon kote
pou yo abite, swen prevantif ak devlopman, ale lekòl,
agrikilti, devlope ti biznis, devlopman patenarya pou pogram
nan ka bon, dwa timoun yo.
Kolabore
ak lòt ajans se premye estrateji ekzekisyon pogram
Plan an Ayiti genyen, k ap travay ak ONG lokal ak entènasyonal
yo, gouvènman Ayisyen an ak espesyalis k ap founi sèvis
pou ekzekite pwojè nan kominote a.
Aspè
kle pou l te entèvni nan pogram li yo, se kolabore
ak kominote yo, gwoup kominotè yo pou ede yo devlope
kapasite yo, pou satisfè bezwen de baz yo epi patisipe
nan devlopman yo. Antan ke yon òganizasyon ki vize
timoun plis, Plan Entènasyonal Ayiti konsidere timoun
ak adolesan yo tankou patnè ki pi enpòtan nan
devlopman epi li eseye fè timoun yo patisipe plis nan
desizyon k ap pran yo nan fason pa yo.
SANT
FÒMASYON RADYO NEDÈLAND (RNTC)
Sant
fòmasyon radyo Nedèland, se yon enstitisyon
entènasyonal edikasyon, radyo Nedèland, konpayi
entènasyonal Filips ak Ministè Kopreasyon devlopman
Peyi Ba yo fonde nan lane 1968. Objektif prensipal li, se
fè pwomosyon pou sèvi ak kominikasyon edikasyonèl
nan pwojè devlopman nan mitan lòt yo, tankou:
sante, timoun ak jèn, edikasyon byen lwen (edikasyon
a distans). Pou l kapab atenn objektif li yo, epi pou bay
enstitisyon l ap travay ak yo yon repons, RNTC bay kou fòmasyon,
nan Peyi ba yo epi tou nan lòt peyi pou jounalis ak
kominikatè nan radyo ak televizyon, pou fòmatè
medya yo, menm jan ak pou kominikatè nan ONG devlopman
yo.
RNTC
òganize seminè pou analize epi fè fòmasyon
kominikasyon nan pwosesis devlopman, menm jan tou pou devlopman
ko-pwodiksyon pou radyo ak televizyon. Yon lòt kote,
sant lan gen nan aktivite l tou pou l fè konsiltasyon
epi bay medya ak sant nasyonal ak entènasyonal fòmasyon
yo, yon asistans enstitisyonèl.
RNTC
presan epi l ap travay nan Amerik Latin depi nan lane 1978.
Se gras ak ak biwo rejyonal li ki chita nan Sann Ose nan Kosta
Rika, aktivite l nan rejyon an kòdone.
RNTC,
ofri kou jeneral nan pwodiksyon pogram ak kou espesyalize
nan pogram edikasyon dramatisazyon enfòmasyon, nouvèl
aktyalite. Yon lòt kote, yo bay kèk kou pou
prepare fòmatè ak òganizatè aktivite
fòmasyon. An jeneral, kou pwodiksyon yo toujou gen
arevwa ak yon tèm espesyalman ki gen rapò ak
devlopman epi chache jwenn pi bon fason pou edike bay enfòmasyon
ak adikasyon nan yon seri domèn espesyal tankou: konsèvasyon
enèji ak pwoteksyon anviwònman, prevansyon SIDA
ak pwomosyon sante, pogram pou timoun yo ak tèm ki
gen rapò ak devlopman, travay ak chomaj.
 |
ENSTITI
PANÒS |
Enstiti
Panòs Washington D.C ak Port-au-Prince, se yon òganizasyon
entènasyonal ki bay tèt li misyon renfòse
sosyete sivil nan peyi kote l ap travay yo, pandan l ap ede
jounalis yo fè repòtaj sou yon devlopman dirab,
tankou sou sijè medya yo pa pale twòp de yo,
espesyalman sa rezilta yo monte anpil nan mitan kominote yo.
Panòs
bay koutmen nan òganize seminè, li pwodwi atik
epi li distribiye yo toupatou. Li fè pwogram radyo,
televizyon, materyèl elektwonik ki gen arevwa ak degradasyon
anviwònman, li travay sou libète lapawòl,
li ede jwenn solisyon tèt ansanm pou rezoud pwoblèm
devlopman epi li travay tou sou VIH/SIDA. Institut Panos mennen
aktivite ansanm ak kèk asosiyasyon nan zòn nan
yo, ak jounalis epi ak òganizasyon non gouvènmantal
yo.
Panòs
kenbe bon relasyon nan rejyon yo epi li pote kolaborasyon
l nan divès peyi nan mitan jounalis yo. Panos lanse
Media NET ki pemèt li gaye enfòmasyon nan lòt
peyi yo. Media NET pèmèt jounalis yo rankontre
pwoblèm yo san kè kase epi ak nouvo prezantasyon
ki pa t enterese medya yo.
Se
nan ane 1986, yo te kreye Institut Panos nan Washington D.C,
tankou yon òganizasyon ki p ap ofri sèvis li
pou lajan, avèk lwa 501 (c) 3 ki ba l tout dwa granmoun
li. San pèdi tan yo vin kreye 2 lòt biwo, youn
Paris lòt la Londres, chak biwo sa yo granmoun tèt
yo, youn pa depann de lòt epi yo chak òganize
pwogram pou yo kapab reyalize travay pa yo. Pafwa yo fè
travay yo ansanm.
Gen
plizyè kote ki ede Panos jwenn lajan pou l reyalize
rèv li yo, tankou : Fondation Mac Arthur, Fondation
Ford, PLAN International, population Services International
(PSI), Save the Children Canada, les Agences de developpement
de Cooperation Internationale de la Hollande, de la Suède,
Union Européen, Open Society Institute, Fondation Nationale
pour la Democratie des Etats-Unis ak Agences des Nations-Unies.
Aktivite
prensipal li an Ayiti ak nan karayib la.
Pwodiksyon
plizyè atik pou laprès ak plizyè pwogram
radyo jounalis peyi a yo reyalize.
Se yon seri nouvèl ki soti nan zile Caraïbe la
yo sou : sante, anviwònman, dwa moun, jistis sosyal,
yo fè pati tou nan kalite repòtaj yo fè
sou rejyon yo "Island Beat". Kalite travay sa yo
baze sou yon seri nouvèl ki soti nan kominote lokal
yo. Yo pibliye yo ak kolaborasyon Institut des Ressources
Naturelles de la Caraibe (CANARI) ak Réseau Caraïbéen
des Ecojournalistes (CERN). Lè gen posiblite Panos
pibliye atik yo nan lang angle, kreyòl, panyòl
oubyen franse.
Pwodiksyon dosye pou laprès yo.
Pwogram "MediaNET bulletin - se yon dosye pou laprès
sou peyi Haiti" ki bay enfòmasyon sou devlopman
dirab an Haiti, yon pwogram ki plase Haiti nan kontèks
zòn nan. Se pa sèlman yon ide jeneral yo devlope
nan sijè y ap trete a, men chak dosye gen yon lis kote
ou kapab kontakte, yo pote solisyon e yo bay referans yo pou
si yon moun ta bezwen jwenn plis enfòmasyon.
Temwayaj oral.
Se esperyans ak lide anpil gwoup moun yo meprize bay nan yon
seri temwayaj oral, yo mete yo ansanm epi yo distribiye yo
sou fòma radyo ak jounal. Gen piblikasyon sou fòma
miltimedya k ap prepare.
Etid ka sou kominote ak anviwònman- Leson nan
Caraïbe la.
Etid ka sa yo mete deyò kèk modèl devlopman
ki byen reyisi nan kominote rejyon an. Yo pibliye yo ak kolaborasyon
Institut des Ressources Naturelles de la Caraibe (CANARI).
Ankadreman ak Fòmasyon travayè laprès
yo, ONG ak òganizasyon kominote yo
fè aktivite nan rejyon an ak tout peyi a sou sijè
ki gen arevwa ak devlopman dirab ki enterese jounalis yo,
lidè ONG ak òganizasyon kominote yo gras ak
yon seri seminè ak konsèy sou ka yo.
Pwodiksyon materyèl resous pou enfòmasyon ak
edikasyon a distans.
Liv ak gid pou repòtaj ki konbine ak materyèl
ki gen son yo fè epi yo dispoze yo chak jou nan plizyè
fòma, tankou sou papye, kasèt, CDROM ak entènèt.
Ranfòsman asosiyasyon medya yo.
Panos bay Réseau Caraïbéen des Ecojournalistes
(CERN), koutmen ak objektif pou kenbe jounalis nan fòmasyon.
Panos rantre tou nan bay yon seri jounalis Haïtien k
ap travay sou zafè VIH/SIDA fòmasyon "Cellule
de Communication sur le SIDA" (CECOSIDA).
Retounen
|
Monte
|
|